A.C.T.I.O.N. Foundation
ap prezante
avèk sipò
Konte Broward
e
Vil Fort Lauderdale
premye edisyon
« International Creole Fest »
28 ak 29 Me 2005, Las Olas, Fort Lauderdale, Florid

International Creole
F
estival
logo
Se yon festival kiltirèl A.C.T.I.O.N. Foundation ap òganize soti Samdi 28 Me rive Dimanch 29 Me 2005, sou Las Olas Blvd, Fort Lauderdale. Festival sa-a pral selebre kilti kreyòl-la nan tout divèsite-li. Se pral yon bèl fèt kiltirèl ki pral reyini diferan disiplin atistik plizyè peyi. Evènman sa-a soti nan bon jan kolaborasyon ant fondasyon-an epi de pi enpòtan otorite zòn nan, ki vle di Konte Broward e Vil Fort Lauderdale.
Bon baz pou reyisit
A.C.T.I.O.N. Foundation te jwenn bon siksè pou seri kiltirèl li te prezante nan Broward pandan kat dènye ane sa-yo. Konsa, fondasyon-an deside bay seri ane sa-a yon nouvo dimansyon. Tèm tradisyonèl seri li-yo se « From a Legacy of Freedom to an Explosion of Culture » pou prezante kilti e travay atistik ayisyen. Apati de ane sa-a, tèm sa-a pral entegre lòt peyi ki genyen kilti kreyòl.
Konte Broward e Vil Fort Lauderdale aplodi inisyativ sa-a e yo angaje yo pou bay sipò-yo pou festival sa-a reyisi, ki vle di yon reyisit pou yo tou. Depi sou seri kiltirèl ane 2004-la, Konte-a te montre jan li apresye travay fondasyon-an lè li te remèt-li yon distenksyon. Se te yon « Pwoklamasyon » ki te deklare mwa Me 2004-la « Mwa A.C.T.I.O.N. Foundation ». Kanta pou seri kiltirèl 2005-la, lap jwenn bon jan sipò lojistik, administratif, pwomosyonèl e finansye nan men Konte-a e Vil-la. Se yon bon garanti pou siksè-li.
International Creole Fest-la, se :
. 14 konsè mizik e espektak dans kap prezante gran atis espas kreyòl-la ;
. ekspozisyon penti kap selebre estetik ki soti nan kilti kreyòl-la ;
. ekspozisyon atizana ak pwodi endistriyèl ki soti nan tradisyon lokal-yo ;
. konferans sou lang kreyòl-la (ap genyen entèprèt pou tradiksyon franse e kreyòl ann angle) ;
. atelye sou tradisyon oral ;
. gastronomi kreyòl.

KONTAK :
Administrasyon:
Karl Eric Boucicaut, Prezidan A.C.T.I.O.N. Foundation, Inc.
keb@action-foundation.com
Enfòmasyon :
Geneviève Dodard, Direktris Pwogram
gdodard1@action-foundation.com
1350 E. Sunrise Blvd - Suite 121
Fort Lauderdale, FL 33304
Tel.: (954)-274-9978 - (754)-246-8518
Fax: (954)462-9182